>Lakay (an Angle)

>
2010 Amannman

>Amannman Lakay (an Angle)

>A Collins Center (an Angle)

» » » »

Limen 2010 Bilten Vòt

Amannman 1:
Anilasyon egzijans pou finansman piblik kanpay

Amannman 2:
Kredi taks ad valorem sou kay, pou moun ki nan militè yo voye nan misyonax

Amannman 4:
Referanndòm obligatwa pou adopsyon ak amannman plan gouvènman lokal sou itilizasyon tè

Amannman 5 ak 6:
Standa pou Lejislati suiv nan redekoupay lejislatif; ak standa pou Lejislati a swiv nan redekoupay kongrè

Amannman 8:
Etant de klas-gwosè

Rezolisyon ki pa angaje:
Mande Eske Votè Yo Sipòte Ekzijans Kontitisyonèl ke Gouvènman Federal Balanse Bidjè li

> > >

Retire Sou Bilten
Apre Defi Tribinal la

Amannman 3:
Limite taks sou pwopriyete pou pwopriyete ki pa kay kote yo rete a; egzanpsyon anplis sou nouvo pwopriyetè ki rete nan kay yo

Amannman7:
Chanjman nan Redekoupaj sa a èske Restrictive mwens pase modifikasyon 5 & 6

Amannman 9:
Annulation de lwa federal sou swen sante


Fè lekti blog (an Angle)!







Enfomasyon Lòt

Limen Bilten Vôt - A Gade

Amannmans FAQs (an Angle)

Laprès(an Angle)

 

 


:Flash mantre ke Collins Center




[Amannman 8 echwe pou pase]


Amannman 8: Detann Ekzijans Gwosè- Klas Yo


An Detay

AMANNMAN 8
Sponsò/Inisyatè: Lejislati Floride

Tit sou bilten an: Revizion sou ekzijans gwosè klas yo nan lekol piblik.

Rezime Ofisyèl: Konstitisyon Florid kounye a limite kantite maksimòm elèv ki asiyen a chak pwofesè nan klas lekòl piblik yo nan gwoupman klas ki ap swiv la a; pou klas 4 a 8, 22 elèv; e pou klas 9 a 12, 25 elèv. Dapre amannman sa a, limit aktyèl sou kantite maksimòm elèv yo asiyen chak pwofesè nan klas lekòl piblik ta vin limit sou kantite elèv an mwayèn ki pase nan chak klas chak pwofesè, pa gwoupman klas espesifik, nan chak lekòl piblik. Amannman sa a adopte tou mouvo limit sou kantite maksimòm elèv yo asiyen chak pwofesè nan yon klas indididyèl kankou li pral swiv la: pou prekindègadenn jiska klas 3èm, 21 elèv; pou klas 4èm jiska klas 8èm, 27 elèv; e pou klas 9èm jiska klas 12èm, 30 elèv. Amannman sa a prezise ke limit klas sa yo pa aplike a klas vityèl yo, li ekzije ke Lejislati a bay ase lajan pou mentni kantite mwayèn elèv ke amannman sa a ekzije, e ke horè revizion sa yo pran efè dè ke elektè eta a apwouve li, e ke li opere retwoaktivman nan kòmansman ane skolè 2010-2011 a.

Agiman pou: Patizan amannman sa a diskite ke pri a senpleman twò wo nan ekonomi pòv sa a. Yo di leta pa kapab pèmèt tèt li bati plis sal de klas e anplwaye plis pwofesè. Yo di ke amannman an ta bay fleksibilite ki pa egziste nan konstitisyon an jan yo te modifye li an 2002 a.

Agiman kont: Opozan yo di ke elektè nan Eta a endike klèman an 2002 ke yo te vle limite gwosè klas yo. Yo afime klas ki pi piti yo kreye yon miyò anviwonman pou aprann. Sendika pwofesè nan eta a, asosyasion Edikasyon Florid opoze a pwojè de lwa sa a. Sendika a mande leta pou li ranpli manda konstitisyonèl la e aplike limit ke yo te apwouve nan bwat bilten a.

Eske règleman ki egziste sou gwosè klas yo, ke yo te mete an 2002, kapab detann si yo chanje kalkil maksimòm pa klas pou fè mwayèn nan nan lekol yo?

Amannman Kontitisyon ke Lejlistati Florida te pase le 8 Avril la ta detann Konstitisyon eta a sou règleman ki egziste sou gwosè klas yo. Votè yo te pase li an 2002, amannman yo gen kounye a sou gwosè klas yo kouche yon kantite maksimòm elèv yo pèmèt nan sal de klas nan tout eta a.

Nouvo pwopozisyon an ta ogmante kantite maksimòm elèv yo ta pèmèt nan chak klas si yo chanje jan yo fè kalkil ki pèmèt maksimòm elèv nan chak klas chanjman a mwayèn lekol la ta genyen.

Chanjman sa a ta ka pèmèt yon lekòl gen plis ke mwayèn nan depi eksè a balanse pa yon lòt klas nan lekòl sa ak mwens elèv nan mwayèn ki akseptab la.Kòmanditè yo di chanjman an ta sove dè milyon de dola e bay lekòl endividyèl yo yon mezi fleksiblite ki pa prezan nan lwa aktyèl la.Opozan yo di ke votè yo klèman te vle mete yon limit sou gwosè klas nan nivo yo te pase nan lwa ane 2002 a, e ke elèv yo ak pwofesè yo ta benefisye nan gwosè klas ki pi piti yo.

Istwa
Gwosè limit aktyèl sou klas yo te vote nan lwa ane 2002 pa 52 pousan nan votè yo. Amannman an te limite gwosè klas yo nan pre-K jiska klas twazyèm a 18 elèv; katriyèm jiska wuityèm 22 elèv ak lekòl segondè a 25 elèv. Limit yo ta dwe pwogresif pandan plizyè ane epi yo ta pran plen efè nan kòmansman ane lekòl 2010 -11 la.

Pwopoze lejislasyon
Amannman 8 ta mete mwayèn Pre-K jiska twazyèm nan 18 elèv , men li ta pèmèt yon maksimòm 21 elèv nan nenpòt ki klas depi li yon balanse nan lekòl sa a ak yon klas ki gen mwens pase 18 elèv; mete yon mwayèn 22 nan elèv pou katriyèm jiska wityèm men pèmèt yon maksimòm de 25; epi mete yon mwayèn lekòl segondè nan 25 elèv men pèmèt yon maksimòm de 30.

SupportersSipòtè
Sipòtè Amannman 8 yo di ke 8 milyon yo te ekonomize yo ta ka sèvi pou bay pwofesè yo ogmantasyon. GouvènèCharlie Crist , Superintendent lekòl la ak asosyasyon Komisyon Konsèy Lekòl sipte chanjman an. Ak pwoblèm lajan yo genyen nan yon ekonomi k iba, yo pè frè ki asosye ak anplwaye plis pwofesè e jwen plis klas pou akomode limit yo fikse li vin pli efikas..Yo plenyen pou di ke enfleksibilite nan lwa aktyèl la vle di plis klas pòtab ak plis wout nan otobis. Pwojè lwaa pou mete amannman an sou bilten vòt la te patwone pa Senatè Gaetz Don, yon repibliken nan Destin, ak Depite Will Weatherford, yon repibliken sòti Wesley Chapel.

Advèse
Advèse diskite ke votè yo te fè li klè nan ane 2002 ke yo te vle limite gwosè klas yo. Pi piti klas fè yon miyò anviwònman pou aprann, yo diskite. Sendika pwofesè nan tout eta a, Asosyasyon Edikasyon Florid la, opoze a pwojè lwa a. Sendika a mande pou eta a satisfè manda konstitisyonèl la e aplike limit ki apwouve nan bilten vòt la.

Ki sa ki pral pase apre
Dapre la lwa, limit gwosè klas ki egziste yo dwe an plas pa kòmansman lekòl la nan mwa Out 2010 la, e se sa ki lakòz yon pwoblèm lojistik pou lejislatè yo. Amannman yo pwopoze a pwal ale devan elektora a nan eleksyon jeneral la an Novanm 2010 (twa mwa apre dat limit Out la). Amannman yo pwopoze a ap bezwen apwouve a 60
pousan pa votè yo nan Florid nan eleksyon 2 Nov an.

See this Amendment
page in English

 

 

 

 

 

Collins Center for Public Policy 2011© | Legal/Privacy