>Lakay (an Angle)

>
2010 Amannman

>Amannman Lakay (an Angle)

>A Collins Center (an Angle)

» » » »

Limen 2010 Bilten Vòt

Amannman 1:
Anilasyon egzijans pou finansman piblik kanpay

Amannman 2:
Kredi taks ad valorem sou kay, pou moun ki nan militè yo voye nan misyonax

Amannman 4:
Referanndòm obligatwa pou adopsyon ak amannman plan gouvènman lokal sou itilizasyon tè

Amannman 5 ak 6:
Standa pou Lejislati suiv nan redekoupay lejislatif; ak standa pou Lejislati a swiv nan redekoupay kongrè

Amannman 8:
Etant de klas-gwosè

Rezolisyon ki pa angaje:
Mande Eske Votè Yo Sipòte Ekzijans Kontitisyonèl ke Gouvènman Federal Balanse Bidjè li

> > >

Retire Sou Bilten
Apre Defi Tribinal la

Amannman 3:
Limite taks sou pwopriyete pou pwopriyete ki pa kay kote yo rete a; egzanpsyon anplis sou nouvo pwopriyetè ki rete nan kay yo

Amannman 7:
Chanjman nan Redekoupajistricting sa a èske Restrictive mwens pase modifikasyon 5 & 6

Amannman 9:
Annulation de lwa federal sou swen sante



Fè lekti blog
(an Angle)!







Enfomasyon Lòt

 

Limen Bilten Vôt - A Gade

Amannmans FAQs (an Angle)

Laprès (an Angle)

 

*** BILTEN: AMANNMAN YO RETIRE SOU BILTEN VÒT LA ***

Kou Siprèm Florid konfime desizyon tribinal endryè a
Li desizyon tribinal la
isit la

Flash mantre ke Collins Center


Amannman 7: Chanjman nan redekoupaj
pou prezève Aksè a Distrik-Minorite


An Detay

AMANNMAN 7
Sponsò/Inisyatè: Lejislati Floride

Tit sou bilten a: Estanda Lejislati a dwe swiv nan redekoupaj distrik Lejislati e Kongrè a.

Rezime Ofisyel: Lè yap etabli limit distrik ak plan pou Kongrè e pou Lejislatif la, leta va aplike kondisyon federal e balanse e aplike yon estanda nan kontitisyon eta a. Leta dwe pran an konsiderasyon kapasite minorite rasyal e nan lang pou yo patisipe nan pwosesis elektoral la e eli yon kandida ke yo ta chwazi e, yo va kapab respekte e ankouraje kominote avek lòt enterè komen ke pati politik, tou le de san yo pa soumèt a okenn pwovizyon Atik 3 nan Kontitisyon Eta a. Distrik e plan yo valab nan balanse e aplike estanda ki gen yon lyen rasyonèl avek nòm ki nan Konstitisyon Eta a e ki konfòm a dwa federal la.

Sa li tap fè: Sipòtè Amannman 7 di ke lap klarifye e amelyore Amannman 5 e 6 yo. Opozan yo di lap rann yo initil.

Agiman pou: Amannman 5 e 6 ta redwi reprezantasyon minorite lap difisil pou aplike e rezilta a tap yon miltitid pwosè. Amannman 7 ta amelyore yo anpil.

Agiman kont: Amannman 5 ak 6 pa bezwen klarifikasyon. Yo ta sispann gerrymandering nan pati ki kwontwole Lejislati a, men yo pa ta redwi reprezantasyon minorite yo.

 

Eske mezi yo kapab ede prezève aksè a distrik-minorite yo efikasman pou yo konplemante amannman redekoupaj 5 & 6?

Gwoup kap veye gouvènman ak gwoup dwa vote yo gen lontan yap diskite ke redekoupaj leta ak limit politik kongrè yo chak 10 zan chaje ak politika kὸz ke pati ki nan majorite a eseye brikole distrik ke an favè kandida yo.Plizyé tantativ pou ran pwosesis la pli jis pa te reyisi non plis. Men nan kὸmansman 2010 nan yon gwoup ki rele FairDistrikctsFlorida.org yo te rasanble ase siyati ak jwenn apwobasyon jidisyè nesesè pou yo mete de amannman yo sou bilten vòt la.

Amannman sa yo, ke yo te asiyen nimewo 5 & 6 sou bilten vòt la, ta mande ke yo trase limit politik yo konpakt epi pou yo pa an favè okenn kandida oswa pati politik nan kous kongrè a ak eta yo.

Pwopozisyon yo enpratikab, lidè yo nan Lejlislati ke Repibliken yo dirije reponn nan plizyè mwa apre pa brikolaj Amannman 7, ke yo di ki pral konplemante Amannman 5 & 6 ki ta pèmèt pran lòt faktè pran an konsiderasyon lè yap desinen limit yo pou distrik yo.

Kòmanditè Amannman 7 di ke li pwal ede prezève aksè a distrik minorite yo, men kritik yo diskite ke li pa anyen plis ke yon efò pou konfonn votè yo. Yo di ke li ekri nan yon fason ki ap efektivman sipase benefis ki fèt nan Amannman 5 & 6 si tou le twa mezi yo pase.

Pwopozisyon an pèmèt ke desinen limit politik sa yo pran an konsiderasyon " kominote denterè yo." Kominote sa yo istorikman se, pa egzanp, rezidan zòn kòt yo ak manm minorite rasyal oswa etnik

Istwa
Konstitisyon Ameriken an egzije pou eta yo itilize nouvo Resansman Etazini an chak 10 zan pou redesine distrik lejislatè federal ak eta yo '. Chak deseni, limit State House, kongrè a, ak distrik senatè eta yo redesinen. Sa a te orijinèlman fèt avek entansyon asire ke distrik yo ap apeprè egal nan popilasyon.

FairDistrikctsFlorida.org di ke se la pwoblèm la ye: Lejislati eta a apwouve plan redekoupaj, ki vle di pati politik ki kontwole Lejislati a kontwole redekoupaj la. Kelkan swa ki pati ki gen kontwòl yo nan Lejislati an, prensipal objektif pati sa a se pwoteje majorite li yo ak titulè li nan desinen nouvo limit distrik yo. Se sa yo rele "gerrymandering", yon tèm ki sòti nan dat 1812 origine ak Elbridge Gerry, yon politisyen nan Massachusetts ki te fὸ nan fè manèv politik.

Pandan ke Gerry te sou pouvwa li, pati li a trase yon distrik an fòm tankou yon salamand pou li te asire pati politik li te genyen eleksyon an. Nan Florid, tou, rezilta gerrymandering se de lizyè nan fòm dwὸl. Pa egzanp, Fort Lauderdale, ki gen yon popilasyon 180.000, koupe nan kat distrik kongrè ki literalman mete moun kap viv youn an fas lòt nan lòt distrik diferan. Winter Park, popilasyon 29.000, gen kat manm Santral Florida nan Kongrè a. E Distrik Sena Leta 27 la mare ansanm Palm Beach nan kòt lès la ak Fort Myers nan lwès , malgre rezidan vil sa yo pa gen anpil bagay an komen. Distrik 55 se yon teren etwat ki kòmanse nan sidès Saint Petersburg, li travèse pon Sunshine Skyway an, li glise atravè sid Konte Manatee e li fini Sarasota.

Malgre votè ki te anrejistre Demokrak nan Florid lejèman depase Repibliken yo, delegasyon nan kongrè a se de tyè Repibliken e nan Lejislati anba yon kokenn chenn kontwὸl pa GOP a , sa se yon fenomèn kritik yo di se yon rezilta an pati de "gerrymandering”.

Sa pa vle di ke Demokrat yo pa ta "gerrymander’. Nan defye Rebubliken yo paske yo te defye Amannman 5 & 6, Miami Herald la te di, "gen ti dout ke si Demokrat yo te kontwole Lejislati a yo ta eseye rete li tou. Tou sa pou kenbe pouvwa politik la."

Apre eleksyon 2004 yo, Kòz Komen ak lòt moun fòme Kanpay pou Eleksyon Jis, ki te rasanble siyati nan menm kantite avek amanman sou bilten vòt 2006 la. Yon pwopozisyon te kreye yon komisyon sitwayen 15 manm pou trase limit yo pou chèz lejislatif ak kongrè yo. Dezyèm ta ekzije komisyon an trase nouvo limit pou eleksyon 2008 yo. Inisyativ la te mouri, sepandan, lè Kou Siprèm Florid la te deside ke rezime nan bilten vòt 81-mo la depase limit 75-mo ke yo pèmèt la.

Sipòtè
Repibliken nan Lejislati Florid la sipòte Amannman 7 la. Lejislati a te pase li sou yon laj vòt nan liy pati yo, malgre Demokrat yo ki vote kont mezi a nan de chanm yo. Sipòtè amannman an di ke Amannman 5 & 6 ta aktyèlman domaje reprezantasyon minorite yo.

Sipòtè yo fè wè tou nan yon desizyon 2009 tribinal federal ke distrik politik yo dwe konsève limit yo sou liy konte a lè plis ke 50 pousan nan votè ki nan distrik yo se manm nan gwoup minorite yo. Yo di restriksyon sa yo, va rann dispozisyon ki nan Amannman 5 & 6 difisil pou ranfòse epi yo pral evite defi legal. Anplis de sa, sipòtè yo di, pwopozisyon FairDistrikctsFlorida ap domaje reprezantasyon minorite yo nan redesinen distrik ki gen mwens ke 50 pousan minorite ki nan laj pou vote-popilasyon men ki tradisyonèlman eli kandida minoritè yo. Tout sa, sipòtè yo di , fè dispozisyon ki nan Amannman 5 & 6 enposib pou satisfè. Li enposib, yo di, pou ou trase yon liy distrik ki pa ni an favè ni pa an favè yon kandida an patikilye. Pèdan an ka toujou reklame ke distrik la te favorize moun ki genyen an.

Advèse
Pifò nan lejislatè demokrat yo , ak yon kowalisyon gwoup ki gen la dann NAACP , Lig Vot
è Fanm, Kòz Komen Florid, AFL-CIO e Asosyasyon Edikasyon Florid la, avanse ke yo ka travay ak Amannman 5 & 6 yo, yo jise ke yo pa bezwen plis klarifikasyon. Yo diskite tou ke minorite yo ak lòt kominote denterè yo ka rete entak anba Amannman 5 & 6 paske yo jeneralman abite nan zòn ki relativman konpak. Ellen Friedin, ki te dirije mouvman FairDistrik la, te di ke mete yon amannman kap fè konpetisyon sou bilten vòt la se te yon konplo entansyonèl pou konfonn votè yo epi konsève kontwòl sou pwosesis la. "Yo vle kenbe pouvwa pou yo trase distrik yo pou favorize titulè a, e kelkan swa moun yo vle favorize a, ou pou yo elimine moun deyò ki pa jwe jwèt yo a," Friedin te di.

Advèse yo tou te rejte reklamasyon ke Amannman 5 & 6 ap lakòz litij eksesif. Gwoup ki panse yo s
ti an ba yo toujou defye plan redekoupaj yo nan tribinal, yo te di. Yo di ke nouvo amannman an pa pwal chanje sa.

 

See this Amendment
page
in English


 

 

 

 

 

Collins Center for Public Policy 2011© | Legal/Privacy