Flash montre ke Collins Center
[Amannman 5&6 pase] Sou bilten vòt la: Amannman 5 ak 6
An Detay
AMANNMAN 5 Sponsò/Inisyatè: FairDistrictsFlorida.org Sa li tap fè: Amannman 5 tap egzije ke distrik lejislatif yo pa trase anfavè ou byen nan dezavantaj yon pati politik sou yon lòt ou byen refize minorite yo opòtinite egal pou patisipe nan pwosesis politik la. AMANNMAN 6 Sponsò/Inisyatè: FairDistrictsFlorida.org Sa li tap fè: Amannman 6 tap egzije ke distrik kongrè yo pa trase anfavè ou byen nan dezavantaj yon pati politik sou yon lòt ou byen refize minorite yo opòtinite egal pou patisipe nan pwosesis politik la.
|
Èske Standa A Jis Pou Redekoupay Distrik Lejislatif ak Distrik Kongrè a Nesesè?
Redekoupay se lè yo re-divize eta a an nouvo distrik pou eleksyon. Selon la lwa, sa rive chak 10 an. Epi chak fwa lejislatè yo kòmanse pwosesis la, ki genyen kalkil sofistike ladan li, kritik yo vin egzamine li anpil paske yo di moun yo ki sou pouvwa yo chwazi ki elektè pou mete nan distrik yo pou asire ke yo vote pou yo ankò. Amannman 5 ak 6 se yon efò pou chanje sa. FairDistrictsFlorida.org, òganizasyon ki deyè amannman an, ap travay pou etabli standa jis ki obligatwa daprè konstitisyon an pou fason Florida trase liy distrik lejislatif ak kongrè. FairDistrictsFlorida.org te redije de (2) amannman nan Konsititisyon Florida a, youn ki pou redekoupay distrik lejislatif la ak youn ki fokis sou distrik kongrè a.
Daprè FairDistrictsFlorida.org, amannman sa yo tap etabli standa jis pou itilize nan kreyasyon fontyè pou distrik lejislatif ak kongrè. Pandan yo ap pwoteje dwa vòt minorite yo, standa yo tap anpeche yo trase liy distrik ki anfavè ou byen nan dezavantaj moun ki sou pouvwa ou byen pati politik. Distrik yo tap oblije konpak epi itilize fontyè politik ak jewografik ki deja la yo. Sa vle di, konpetisyon natirel ak jistis tap obligatwa.
Dapre lwa Florida, yo te mete amannman ke yo pwopoze yo sou bilten vòt apre Kou Siperyè otorize sa ak lè yo fin ranmase kantite siyati ki obligatwa sou petisyon pou chak amannman. Depi 23 janvye, kantite siyati ofisyèl yo te verifye se 686.016, selon Florida Division of Elections (Divizyon Eleksyon nan Florida), ki montre nan dosye yo ke FairDistrictsFlorida.org te kolekte plis pase $3.2 milyon. FairDistrictsFlorida.org te pase premye obstak la jedi 30 janvye 2009, lè Kou Siperyè Florida a te deside ( Florida Supreme Court ) ke de (2) amannman ke yo pwopoze yo te kapab ale sou bilten vòt 2010 la depi yo ranmase ase siyati.
Daprè Florida Sun-Sentinel, Kou Siperyè a te deside ke pwopozisyon yo te satisfè kondisyon ke amannman konstitisyonèl yo dwe trete yon sèl grenn sijè, yon standa legal ki te bay lòt soumisyon pou chanje sistèm redekoupay Florida a pwoblèm. Men sa ki pral parèt sou bilten an:
PETISYON 1: Standa pou trase fontyè distrik kongrè.
Yo pa gen dwa trase distrik kongrè pou yo anfavè ou byen nan dezavantaj yon moun ki deja sou pouvwa ou byen pati politik. Distrik yo pa dwe trase pou refize gwoup minorite nan nivo ras ou byen lang opòtinite egal pou patisipe nan pwosesis politik la ak vote pou reprezantan yo chwazi. Distrik yo dwe youn a kotte lòt. A mwen ke yo egzije yon lòt bagay, distrik yo dwe konpak, egal nan popilasyon nan mezi sa posib, epi si posib yo dwe itilize vil, konte ak fontyè jewografik ki deja egziste yo.
PETISYON 2: Standa pou trase fontyè distrik lejislatif.
Distrik lejislatif yo pa dwe trase pou yo anfavè ou byen nan dezavantaj yon moun ki deja sou pouvwa ou byen pati politik. Distrik yo pa dwe trase pou refize gwoup minorite nan nivo ras ou byen lang opòtinite egal pou patisipe nan pwosesis politik la ak vote pou reprezantan yo chwazi. Distrik yo dwe youn a kote lòt. A mwen ke yo egzije yon lòt bagay, distrik yo dwe konpak, egal nan popilasyon nan mezi sa posib, epi si posib yo dwe itilize vil, konte ak fontyè jewografik ki deja egziste yo
Istwa a: Se dirijan nan tou de pati yo kap opere FairDistrictsFlorida.org Prezidan kanpay gwoup la, se avoka Miami Ellen Freidin, yon demokrat ki te sèvi Constitutional Revision Commission (Komisyon pou Revizyon Konstitisyon) an 1997 , kote refòm dekoupay pat jwenn otorizasyon final. Prezidan gwoup la, avoka Tallahassee Thom Rumberger, yon ansyen lejislatè Repibliken ki te patisipe nan batay redekoupay an 1992 la epi te sèmante apre pou li chanje sistèm nan. Ko-prezidan Onorè genyen ansyen Senatè Etazini Bob Graham; ansyen Senatè eta Daryl L. Jones; ansyen Pwokirè Jeneral Etazini Janet Reno; ansyen Asistan Sekretè Enteryè pou Administrasyon Nixon ak Ford Nathaniel Reed; ak ansyen Kontwolè eta Bob Milligan.
Advèse a se Lejislati ki sou kontwòl Repibliken yo, sou direksyon fiti Prezidan Chanm Dean Cannon, R- Winter Park, ak Prezidan Sena deziye Mike Haridopolos, R-Indialantic.
De moun sa yo responsab pou preparasyon Lejislati a pou pwochen sezon redekoupay apre Resansman 2010. Haridopolos te di mezi yo tap ogmante chans pou tribinal yo deside kòman pou retrase distrik yo finalman.
10 desanm, Haridopolos, prezidan Komisyon Redistrikbisyon Sena eta a, te mande staf legal lejislatif la pou detèmine si yo ka prezante keksyon bilten redekoupay yo devan Kou Siperyè eta a ankò an vi yon desizyon Kou Siperyè Etazini a.
Desizyon mwa mas ane sa a nan ka North Carolina Bartlett kont Stricktland, tribinal Kou Siperyè a te twouve ke "sèlman eleksyon distrik kote minorite yo reprezante o mwen mwatye nan popilasyon ki gen laj pou vote yo gen dwa a pwoteksyon yon pati nan Lwa a Dwa pou Vote ki chèche asire ak prezève pouvwa vòt minorite, ” New York Times te rapòte.
Cannon ak Haridopolos vle konnen si dezisyon sa a ta fòme yon baz pou tribinal piwo eta a rekonsidere desizyon li an janvye ane sa a pou pèmèt amannman Distrik Jis la ale sou bilten novanm 2010 la.
"Pandan de dènye rankont komite Sena yo, genyen keksyon klè sou konstitisyon an yo te poze,” Haridopolos te di. Li ap tann pou resevwa yon repons nan men staf legal la an janvye konsènan si yo dwe eseye voye amannman ki pwopoze yo devan Kou Siperyè a pou yon dezyèm fwa.
Lè de (2) demokrat te mande pou opinyon legal konsènan si de (2) pwopozisyon sou redekoupay yo dwe ale sou bilten an dapre yon opinyon resan Kou Siperyè a, yon kabinè avoka nan Washington te di desizyon tribinal premye enstans la pa ta dwe afekte yo. "Si yo antre an vigè, inisyativ yo tap amelyore dramtikman pwosesis redekoupay nan Florida a epi fè eleksyon Florida yo vin pi jis pou tout pati politik ak kandida yo,” Avoka Jenner & Block, Paul M. Smith ak Michael B. DeSanctis te ekri. "Epitou yo tap pwoteje, epi vrèman amelyore, kapasite minorite yo pou yo patisipe nan pwosesis politik la ak vote pou eprezantan yo chwazi.”
Associated Press te rapòte ke konseye espesyal Chanm nan Miguel De Grandy te di Konsèy Politik Chanm Chwazi sou Planifikasyon Stratejik ak Ekonomik, kote Cannon se prezidan, ke desizyon Kou Siperyè Etazini a gen dwa vin redui reprezantasyon minorite yo sèlman si distrik sa yo ki depase 50 pousan reprezantasyon minorite yo pa genyen pou egzije konte yo pou rete "antye.”
Li te di, kite distrik sa yo ouvè pou redekoupay kapab afekte modèl vòt ki te lakòz reprezatasyon minorite yo pandan ane gen distrik ak mwens pase 50 pousan reprezantasyon minorite.
Freidin, ki se prezidan FairDistricts.org, te di desizyon Bartlett kont Strickland pa afekte amannman yo, ki daprè li asire ke pwosesis redekoupay la p ap nuizib pou minorite yo.
"Nou genyen konfyans nèt ke amannman nou yo bay pwoteksyon,” li te di.
Se te opinyon de avoka tou ki nan yon kabinè avoka Washington D.C. ke Senatè Christopher Smith, yon Demokrat ki reprezante konte Broward ak Palm Beach, ak Reprezantan eta Perry Thurston, yon Demokrat ki reprezante Ft. Lauderdale, te mande pou revize 18 keksyon reprezantan Corrine Brown ak Mario Diaz-Balart te poze sou efè desizyon Kou Siperyè a sou inisyativ bilten redekoupay yo pwopoze nan Florida a.
"Si yo antre an vigè, inisyativ yotap amelyore dramatikman pwosesis redekoupay nan Florida a epi fè eleksyon Florida yo vin pi jis pou tout pati politik ak kandida yo,” Avoka Jenner & Block, Paul M. Smith ak Michael B. DeSanctis te ekri. "Epitou yo tap pwoteje, epi vrèman amelyore, kapasite minorite yo pou yo patisipe nan pwosesis politik la ak vote pou reprezantan yo chwazi.”
Tout Tesk Repons yo la Deba sou redekoupay te divize black caucus (gwoup nwa) la tou. Selon Orlando Sentinel, pifò nan manm Lejislati nwa yo te vote an avril pou soutni FairDistrictsFlorida.org. Vòt la te yon chanjman de ane avan yo lè lejislatè Afriken Ameriken yo te rechte efò pou refòme pwosesis redekoupay la.Men yon lejislatè ki pa twò antouzyas pou ide a se Senatè Gary Siplin, yon demokrat Orlando, ki se nouvo prezidan black caucus la. Siplin, ki te eli nan biwo sa a an me, vle gwoup 26 manm nan diskite sijè a ankò otòn sa. "Sa se yon nouvo administrasyon, epi Senatè Siplin anchaj,” li te di Sentinel. "Nou pral egzamine amannman an ankò kounye a.” Siplin pa te la lè gwoup la te vote prentan pase, men li di yo pa angaje a vòt la anko: "Sa ki te pase fwa pase a pa vle di anyen paske administrasyon sa a pa la ankò,” li te di. Sentinel souliye genyen gwo istwa politik dèyè deba a: An 1992, Demokrat Afriken Ameriken yo te mete ansanm ak pati minorite Repibliken yo pou trase distrik kongrè ak lejistlatif ki te konsantre elektè nwa yo (yon bèl egzanp se distrik Reprezantan Etazini Corrine Brown's ki soti nan Jacksonville rive nan Orlando). Sa te vin lakòz eleksyon premye manm nwa Kongrè nan Florida depi Rekonstriksyon ak plis lejislatè nwa ankò. Men redekoupay la te "blanchi” distrik ki toupre yo de bon elektè nwa Demokrat, ki fè Repibliken yo apre sa te genyen kontwòl delagasyon kongrè a ak Lejislati a.
Si li te vin lalwa FairDistrictsFlorida.org di li pral bezwen elektè yo vijilan. Piske lejislati a — olye yon komisyon lejislatè yo chwazi (jan sa te pwopoze nan tan pase) — fè redekoupay la, pwosesis la t ap ouvri pou piblik la egzaminen. Si’l sanble ke lejislatè yo ap eseye re-boulvèse distrik yo pou pwoteje moun yo genyen sou pouvwa ou byen yon pati politik, yo tap bezwen jistifye li daprè kritè ki anlè yo. Si lejislatè yo ap kontinye eseye dekoupay abitrè sikonskripsyon elektoral, yo ka ale nan tribinal ak distrik ki pwopoze yo, kote jij tap gen kritè klè, ki baze sou volonte elektè yo pou distrik ki jis, pou deside sa ki konstitisyonèl. Nan pwosè redekoupay 2002 ki te konteste dekoupaj abitrè Lejislati a, moun ki tap pwoteste yo te di distrik yo pat konpak ou byen base nan kominote. Kou Siperyè Florida te rechte plent la paske "konstitisyon” an pa mande fontyè konpak e ki baze nan kominote. De (2) amannman redekoupay sa yo la pou korije fot sa a.
|