>Lakay(an Angle)

>
2010Amannman

>Amannman Lakay(an Angle)

>A Collins Center(an Angle)

» » » »

Limen 2010 Bilten Vòt

Amannman 1:
Anilasyon egzijans pou finansman piblik kanpay

Amannman 2:
Kredi taks ad valorem sou kay, pou moun ki nan militè yo voye nan misyonax

Amannman 4:
Referanndòm obligatwa pou adopsyon ak amannman plan gouvènman lokal sou itilizasyon tè

Amannmans 5 ak 6:
Standa pou Lejislati suiv nan redekoupay lejislatif; ak tanda pou Lejislati a swiv nan redekoupay kongrè

Amannman 8:
Etant de klas-gwosè

Rezolisyon ki pa angaje:
Mande Eske Votè Yo Sipòte Ekzijans Kontitisyonèl ke Gouvènman Federal Balanse Bidjè li

> > >

Retire Sou Bilten
Apre Defi Tribinal la

Amannman 3.
Limite taks sou pwopriyete pou pwopriyete ki pa kay kote yo rete a; egzanpsyon anplis sou nouvo pwopriyetè ki rete nan kay yo

Amannman 7.
Chanjman nan Redekoupaj sa a èske Restrictive mwens pase modifikasyon 5 & 6

Amannman 9.
Annulation de lwa federal sou swen sante

 

 

 


Fè lekti blog(an Angle)!


 

 


Enfomasyon Lòt

 

 

 

Limen Bilten Vôt - A Gade

Amannmans FAQs (an Angle)

Laprès (an Angle)

 



Flash mantre ke Collins Center


 

 

[Amannman 4 echwe pou pase]
Amannman 4: Florida Hometown Democracy (Demokrasi Lakay Florida)


An Detay

AMANNMAN 4
Sponsò/Inisyatè: Lejislati Florida

Sa li tap fè: Amannman 4 tap bay elektè lokal yo yon opozisyon sou nenpòt chanjman nan plan konplè yo.

Èske elektè yo dwe genyen dènye mo sou chanjman nan plan konplè yo?
Amannman sa a nan Konstitisyon Florida tap mande elektè yo vote pou pwopozisyon devlopman ki an konfli ak plan jestyon pou devlopman lokal ki te deja etabli.

Plan Konplè yo, ki se konsa yo rele yo, se modèl ke vil ak konte yo itilize pou genyen yon ide sou ki sa kominote yo pral sanble. Plan yo montre gran liy espesifik yo pou devlopmen alavni yo: ki kote, ki kalite ak ki gwosè.

Elektè yo deja genyen kontwòl endirèk sou fason plan konplè yo chanje, paske se yo ki vote pou ofisyèl vil ak konte yo ki kontwole yo. Men moun yo kap soutni amannman sa a di anpil fwa ofisyèl eli yo konn pa okipe elektè yo, epi lwa pou estope devlopman ki pat planifye pap mache. Yo di amannman sa ki pwopoze a se yon fason pou bay rezidan yo pouvwa pou deside ki kote ak kijan kominote yo dwe devlope.

Elektè yo tap deside si yo vle plan konplè yo a chanje ou pa - epi, esansyèlman, si yo soutni nouvo devlopman yap pwopoze a - nan referandòm. Gouvènman lokal yo kapab fè yon eleksyon espesyal ou byen ajoute keksyon an nan bilten vòt la nan yon eleksyon nòmal.

Atravè eta a, vil ak konte yo fè plis pase 8,000 chanjman pa ane regilyèman nan plan konplè yo, yon chif ni sipòtè ni advèsè amannman sa a itilize pou pwove ka yo.

Moun ki soutni pwopozisyon Demokrasi Lakay Florida( Florida Hometown Democracy )an di kokennchenn kantite chanjman nan plan konplè yo montre pou kisa elektè yo bezwen plis kontwòl sou pwosesis la. Advèsè yo di si amannman an pase, li tap fòse gouvènman lokal yo fè konbyen douzèn eleksyon espesyal ou byen ofri yon gwo bilten vòt pandan eleksyon nòmal yo epi sa tap boulvèse ak twouble elektè yo.

Amannman an
Amannman yo te pwopoze a te vin menm ak gwoup ki te reyisi fè yo mete li sou bilten vòt la, Florida Hometown Democracy (Demokrasi Lakay Florida). Men, anfèt, amannman an pral parèt sou bilten an konsa:

"REFERANDÒM OBLIGATWA POU ADOPSYON AK AMANNMAN YON PLAN KONPLÈ GOUVÈNMAN LOKAL SOU ITILIZASYON TÈ.”

Men rezime a:

"Etabli ke anvan yon gouvènman lokal kapab adopte yon nouvo plan konplè sou itilizasyon tè, ou byen chanje yon plan konplè sou itilizasyon tè, elektè gouvènman lokal yo dwe vote sou plan an ou byen amannman ki pwopoze a pa referandòm, aprè preparasyon ajans planifikasyon lokal la, konsiderasyon konsèy administrasyon an avèk avi.”

Tèks konplè amannman an disponib la a:

Jan yo ranje mo yo enpòtan akòz de yon amannman mennen ki genyen menm jan de mo sa yo ke advèse yo ap mete deyò.

Aktè Yo
Agiman pou:
Florida Hometown Democracy Inc. te kòmanse ranmase siyati petisyon pou amannman li a depi ane 2003. Se avoka sou itilizasyon tè Palm Beach Lesley Blackner ak avoka sou anviwonman Tallahassee Ross Burnaman ki ap dirije gwoup la epi genyen kèk gwoup enviwonman eta a ak lòt gwoup ki an favè devlopman kontwole ki soutni li.

Sou sit Wèb li, Florida Hometown Democracy deklare ke misyion li se pou "fè sistèm itilizasyon tè kounye a pi responsab kote li bay pouvwa sou sèten chanjman sou itilizasyon tè (amannman plan konplè) bay elektè yo.”

Depi 2003, gwoup la te kolekte preske $1.5 milyon. Pifò nan kontribisyon yo te pi piti pase $1,000 chak; Sierra Club Florida (Sierra Club nan Florida) te bay plis pase $200,000.

W ap kapab wè campaign finance activity(aktivite finans kanpay) Hometown Democracy depi Jwen 2003 sou sit Wèb Depatman Deta Florida a. Òganizasyon an te kolekte plis pase $1.5 milyon.

Kont:
Konstriktè, ajan imobilye ak lòt gwoup biznis yo te kòmanse pwòp gwoup yo pou reponn a pwopozisyon Hometown Democracy, ki rele Floridians for Smarter Growth (Moun Florida pou Kwasans pi Entelijan). Gwoup la, ki genyen sipò Florida Chamber of Commerce a (Chanm Komès Florida), deklare ke amannman sa a "ranvèse yon pwosesis planifikaskyon ki byen etabli, ouvè, aksesib ak demokratik.”

Floridians for Smarter Growth avèti ke pwopozisyon an pral paralize gouvènman, kraze biznis devlopman ak bese ekonomi Florida a plis. Gwoup la te rele amannman an inisyativ "Vote sou Tout bagay.”

Gwoup The Smarter Growth te kreye pwòp amannman li pou bilten 2010 la. Li tap ranplase pwopozisyon Hometown Democracy an epi egzije ke omwen 10 pousan nan elektè anrejistre yo nan kominote a vini nan yon biwo lokal gouvènman epi siyen yon petisyon si yo dakò yon vòt pou yon chanjman plan konplè.

De amannman kap mennen yo genyen resanblans nan moyo. Floridians for Smarter Growth bezwen plis pase 230,000 siyati anplis pou li mete mezi li an sou bilten an.

Floridians for Smarter Growth te kolekte prèske $4 milyon kach depi 2007. Pou yon rapò sou aktivite finans kanpay gwoup la, ale sou Web site (Sit wèb) Depatman Deta Florida a.

Kòman nou te rive la
Jou ki te 17 jwen 2009 la, Kou Siperyè Florida a te bay Hometown Democracy yon gwo viktwa lè li fwape an 2007 yon lwa ki te pèmèt elektè yo revoke siyati yo nan kanpay petisyon yo, yon lwa Advèsè Hometown Democracy yo te fè kanpay pou li. Apre lwa a te pase an 2007, advèsè yo te voye lèt bay moun yo ki te siyen petisyon Hometown Democracy a, epi 13,000 nan yo te dakò pou revoke siyati yo.

Moun kap obsève yo di genyen lòt devlopman ki fek fèt kap travay nan favè Hometown Democracy, tankou yon bil (SB 360) ke Gouvènè Charlie Crist te siyen jou ki te 1 jwen 2009, ki pral soulaje fado devlopè yo te genyen pou ede peye pou wout lokal pou reponn a pwojè yo.

Advèsè yo di nouvo lwa sa a tèlman ekstrèm li pral fè menm modere yo soutni amannman Hometown Democracy an.
Sa’k pral rive aprè
Amannman Hometown Democracy prale devan elektè yo an novanm 2010. 22 jwen, biwo Sekretè Deta Kurt Browning te sètifye mezi a aprè sipòtè yo te jwenn plis pase 676,811 siyati yo te bezwen yo. Kou Siperyè eta a te apwouve amannman an limenm depi ane 2006, kote li te deside ke li debat yon grenn sijè epi se yon langaj bilten ki egzak.

See this Amendment
page
in English!

 

 

Collins Center for Public Policy 2011© | Legal/Privacy