>Lakay(an Angle)

>
2010 Amannman

>Amannman Lakay(an Angle)

>A Collins Center(an Angle)

» » » »

Limen 2010 Bilten Vòt

Amannman 1.
Anilasyon egzijans pou finansman piblikkanpay

Amannman 2.
Kredi taks ad valorem sou kay la, pou moun ki nan militè yo voye nan misyonax

Amannman 4.
Referanndòm obligatwa pou adopsyon ak amannman plan gouvènman lokal sou itilizasyon tè

Amannmans 5 ak 6.
Standa pou Lejislati suiv nan redekoupay lejislatif; ak standa pou Lejislati a swiv nan redekoupay kongrè

Amannman 8.
Etant de klas-gwosè

Rezolisyon ki pa angaje:
Mande Eske Votè Yo Sipòte Ekzijans Kontitisyonèl ke Gouvènman Federal Balanse Bidjè li

> > >

Retire Sou Bilten
Apre Defi Tribinal la

Amannman 3.
Limite taks sou pwopriyete pou pwopriyete ki pa kay kote yo rete a; egzanpsyon anplis sou nouvo pwopriyetè ki rete nan kay yo

Amannman 7.
Chanjman nan Redekoupaj sa a èske Restrictive mwens pase modifikasyon 5 & 6

Amannman 9.
Annulation de lwa federal sou swen sante

 


Fè lekti blog(an Angle)!



Enfomasyon Lòt

Limen Bilten Vôt - A Gade

Amannmans FAQs (an Angle)

Laprès(an Angle)

 

 

 


***BILTEN: AMANNMAN YO RETIRE SOU BILTEN VÒT LA***

Kou Siprèm Florid konfime desizyon tribinal endryè a
Li desizyon tribinal la
isitla


Flash mantre ke Collins Center

Amannman 3: Limit sou taks pwopriyete
pou pwopriyete ki pa kay fanmi rete (ki
pa homestead)


An Detay

AMANNMAN 3
Sponsò/Inisyatè: Lejislati Florida

Sa li tap fè: Redwi ogmantasyon anyèl maksimòm sou valè yo ka takse pwopriyete ki moun ki pa gen epa gen egzanpsyon (Homestead) de 10 pousan a 5 pousan epi egzije yon lòt 25 pousan egzanpsyon pou moun ki achte kay yo pou premye fwa.

Èske moun kap achte kay pou premye fwa yo dwe jwenn yon egzanspyon nan taks ak sèten pwopriyete ta fè fas a yon limit pi ba sou ogmantasyon evalyasyon chak ane yo?
Sistèm taks pwopriyete Florida a pral genyen nouvo chanjman si elektè yo vote pou Amannman 3 sou bilten vòt 2010 la.

Mezi ki pwopoze a ofri yon egzanpsyon nan taks pou moun kap achte kay pou premye fwa e bese limit anyèl sou ogmantasyon evalyayosn pou biznis, pwopriyete ki lwe ak kay ki pou vakans.

Moun ki patwone li nan Legislati Florida a (Florida Legislature) di mezi sa tap resisite vant kay ak atire moun vin envesti nan eta a, ki te vin genyen yon bès nan popilasyon li pou premye fwa depi 60 an. "Li pral fè moun kap lwe yo vin achte,” Rep. Carl Domino, Repibliken Jupiter ki te travay sou plan an, te di jounalis yo.

Kritik yo deklare ke pwopozisyon an tap retire konbyen milyon dola nan lekòl, vil, ak konte ki te deja pa genyen lajan epi oblije koupe sèvis yo. Genyen lòt ki enkyete ke mezi a tap kreye inegalite nan taks pami biznis yo ou byen pwopriyete pou lwe ak pou vakans yo menm jan Sove Kay Nou (Save Our Homes) te fè pou moun ki genyen pwopriyete homestead.

Se yon djakout melanje, dapre Kurt Wenner nan Florida Veye Task (Florida TaxWatch), yon gwoup kap siveye eta a ki jeneralman dakò ak pwopozisyon vòt la. "Objektif la dwe pou fè taks nou yo vin pi jis ak san patipri” Wenner te di, kote li souliye refòm taks anvan stimilis pou pouse ekonomi a. "Li fè sa nan yon sèten degre,” li te di.
 
Jan li ye kounye a, Amannman 3 tap redui maksimòm ogmantasyon anyèl nan valè yo evalye pou yon pwopriyete ki pa kay kote fanmi rete de 10 pousan a 5 pousan chak ane. Epi tou amannman an mande pou Lejislati a bay plis egzanpsyon sou pwopriyete pou yon moun ki pat posede yon kay prensipal pandan uit ane ki te pase yo. Egzanpsyon sa a tap vo 25 pousan sou valè-jis, jiska $100,000, epi li tap fini ofiramezi pandan senk an dapre Sove Kay Nou (Save Our Homes ) yo, limit evalyasyon 3 pousan pou pwopriyete moun rete yo, te akimile.

Genyen yon rezime detaye ak tèks konplè pwopozisyon Lejislatif la ki disponib la a.

Prèske nan fatra
Manèv nan dènye minit te retire Amannman 3 nan poubèl epi pou mete li nan bilten vòt la, selon sa nouvèl di. Apre konbyen semèn kote efò yo te bloke, yo te resi pase pake ki pwopoze a nan yonn nan dènye lwa nanh dènye swa nan sesyon lejislatif regilye 2009 la.

"Gen de bagay ki rive pa maji,” Sen. Evelyn Lynn, Repibliken nan Ormond Beach ki te patwone lwa a te di one newspaper (yon jounal).

An reyalite, Gov. Charlie Crist te defann egzanpsyon nan taks ak limit evalyasyon an anvan sesyon an te kòmanse. Li menm, ansanm ak Lynn ak Florida Association of Realtors (Asosyasyon Ajan Imobilye nan Florida), te fè anpil lòbi ta nan sesyon an ak souliye mezi a pita tankou yon efò ki merite.

Sou sit Wèb li a, FAR di li te rankontre ak moun ki patwone pwojè lwa a epi li te "kapab resisite pwojè lwa sa a nan lanmò pandan moman final sesyon regilye a. Se yon gwo viktwa pou pwopriyetè biznis yo, dezyèm pwopriyete ak pwopriyete ki pa kay fanmi rete.”

Lejislatè yo te pè ke vèsyon yo ki te anvan pwojè lwa sa a te twò chè dapre St. Petersburg Times blog (blòg St. Petersburg Times). Mezi orijinal Sena a, ak vèsyon Chanm nan, tap koupe $368 milyon nan revni taks sou pwopriyete pandan twa zan avèk egzanpsyon anplis pou pwopriyete moun abite yo. Lekòl yo te kapab pèdi $286 milyon ant 2011 ak 2014, daprè yon bill analysis (analiz pwojè lwa a).

Kidonk, moun kap patwone pwojè lwa a chanje li. Yon dènye vèsyon pwopoze amannman nan Seksyon 4 ak 6 nan Atik VII ak kreyasyon de nouvo seksyon nan Atik XII nan konstitisyon eta a. Li chanjman yo la a.

Jou ki te 1 me, mezi final la te pase nan Sena a 26-11 ak nan Chanm nan 104-13.

O mwen 60 pousan nan elektè Florida yo pral bezwen apwouve amannman an nan bilten vòt 2010 la. Si li pase, nouvo dispozisyon yo pral antre an vigè lòt ane epi yap aplike pou premye fwa nan evalyasyon yo an janvye 2011.
Benefis pou moun kap achte pou premye fwa yo
Si elektè yo dakò ak Amannman 3, li pral vin fè pati anpil lòt chanjman konstitisyonèl enpòtan nan estrikti taks pwopriyete konplike Florida a.

Save Our Homes (Sove Kay nou yo), ke elektè yo te apwouve an 1992, te kreye pou pwoteje moun ki pwopriyetè kay lontan kont valè pwopriyete ki ap monte ( anvan) kote yo te mete yon limit sou valè pwopriyete yo a 3 pousan chak ane ou byen chanjman pousantaj nan Endis Pri Pou Konsomasyon, kèlke swa sa ki pi ba a. San gade sou afilyasyon politik, anpil moun te twouve egzanpsyon taks la kont pwogrè, kote pi gwo benefis yo te pou moun rich yo, yon Palm Beach Post blog (blòg Palm Beach Post) te di.

An janvye 2008, elektè yo te di "wi” a Amendment 1 (Amannman1), ki pami plizyè bagay, pèmèt moun ki genyen pwopriyete kote yo rete yo transfere benefis Sove Kay (Save Our Homes )yo, jiska $500,000, a yon nouvo kay e mete yon limit 10 pousan sou evalyasyon chak ane sou pwopriyete ki pa kote yo rete a. Sou sit Wèb li a, Crist di konsa mezi a koupe prèske $10 bilyon nan taks sou pwopriyete, malgre li pat fè anpil pou relanse mache lojman ki pa te vle avanse a.

Daprè pwopozisyon an, Amannman 3 ofri moun kap achte kay premye fwa yo plis pye degalite ak pwopriyetè kay yo, dapre David Hart, vis prezidan afè lejislatif ak gouvènmantal pou Florida Home Builders Association (Asosyasyon Konstriktè nan Florida).
"Nou soutni li paske nan ka pou plis benefis taks pwopriyete pou moun kap achte kay pou premye fwa, li ede kreye yon balans avèk moun ki te pwopriyetè kay kote yo rete ki te jwi avantaj Sove Kay Yo (Save our Homes),” Hart te di.

Pandan òganizasyon an pa te pran yon vòt ofisyèl sou mezi a, "pa konsèp nou te soutni li depi nan kòmansman an” pou motive moun kap achte ak ankouraje chantye lojman ak djòb nan konstriksyon, Hart te ajoute.

Moun ki pwopriyetè kay lontan yo dwe soutni mezi sa a, tou, moun kap bati kay ak ajan imobilye yo di, pake kay vid nan vwazinay yo tap bese valè pwopriyete yo ak ogmante taks yo.

FAR te di li ta pouse lejistalè yo pou yo chanje langaj amannman an pou mete ladan moun ki soti nan lòt eta kap achte yon kay prensipal nan eta a pou premye fwa.

Florida pa premye eta k ap eseye atire moun pou achte kay pou premye fwa. California te ofri yon $10,000 tax credit (kredi taks 10.000 dola) pou moun ki fenk achte, ak lòt eta yo kap swiv sa tou.

Selon amannman Florida ki pwopoze a, moun ki achte yon kay $200,000 tap gen yon egzanpsyon $50,000 anplis pandan premye ane a. Apre mwayèn atravè eta a, total taks propriyete a tap $1,848, anviwon $504 an mwens pase si nouvo egzanpsyon an pat egziste. Sou senk an, moun kap achte premye fwa yo tap fè yon ekonomi $1,500.

Pou James Brown kap achte kay premye fwa, li tap byen kontan ekonomi sa yo. "Li pa tap ni fè nou rich ou byen pòv,” dapre Brown, yon mesye Konte Pinellas ki gen 27 an ki fenk marye. "Men [Gouvènman Florida a] dwe toujou bay nou nenpòt avantaj yo kapab. Posede kay se yon sijè prensipal nan sosyete amerikèn lan ak baz pou richès a lon tèm.” Brown te di li gen anpil chans pou li depanse ekonomi li fè nan taks pwopriyete nan kominote li tap fè rezidans pèmanan li.
Yon pèt pou gouvènman lokal, lekòl yo
Malgre kontribisyon sipòtè yo fè pou nouvo vant kay ou byen yon avantaj sou konpetisyon yo, kritik Amannman 3 yo pè ke gouvènman lokal ak distrik lekòl yo pral soufri pwa plis egzanpson taks dapre pwopozisyon an.

Ansanm, limit evalyasyon an ak nouvo egzanpson an te ka ede pwopriyetè yo fè ekonomi anviwon $570 milyon pandan twa zan  lajan ki te ka ale nan vil, konte, distrik taks espesyal ak lekòl pito.

Amannman lakòz "anpil enkyetid paske nou te wè yo bese finansman pou lekòl pandan ane ki sot pase yo” Mark Pudlow nan Florida Education Association (Asosyasyon Edikasyon nan Florida) te di. Sa ki plis bay enkyetid la se chanjman eta a de finansman eta a taks pwopriyete lokal pou peye pou lekòl epi an menm tan koupe revni taks pwopriyete, Pudlow te ajoute.

Pandan lekòl yo tap pèdi lajan nan amannman ki pwopoze plis egzanpsyon pou pwopriyete fanmi rete yo, vil, konte, ak distik taks espesyal yo tap pèdi revni taks pwopriyete nan ni nouvo egzanpsyon taks la ak ni limit evalyasyon 5 pousan sou pwopiyete fanmi pa rete yo.

Soufrans amannman sa a tap pote pou gouvènman lokal ak lekol yo pa vo ti benefis li tap pote a, dapre Sean Snaith, yon ekonomis ak direktè nan Institute for Economic Competiveness nan University of Central Florida.

"Kontinye chanje kòd taks pwopriyete yo nan yon efò pou estimile yon sektè nan ekonomi ki genyen plis pwoblèm pa fè sans pou mwen,” Snaith te ajoute. "Se pa mank avantaj ki mete moun yo a kote epi pa ka achte kay.” Se gwo chomaj de chif ak kriz nan sistèm bank Etazini an, li te di.

Kritik pwopozisyon an enkyete ke lè yo ofri plis egzanpsyon taks pwopriyete pandan bès ekonomi ak retablisman kounye a tap vin fè genyen plis frè ou byen taks pou kenbe bidjè minisipal ak sèvis yo. Pandan Florida League of Cities (Kowalisyon Vil Florida) pat ko pran yon pozisyon sou amannman an, anpwalye gouvènman lokal yo di mezi an tap fè yo mal.

Paske valè pwopriyete yo ap bese, vil New Port Richey nan Konte Pasco ap eseye monte to taks pwopriyete li a 23 pousan. "Sa jis fè nou vin egal,” Direktè Finans Rick Snyder te di. Pou mentni sèvis yo, dirijan vil yo te deja monte yon seri de frè soti nan frè "street lighting” (ekleraj lari) jiska frè "storm water utility” (sèvis dlo tanpèt), Snyder te di.

"Pwopriyetè yo te jwenn soulajman taks,” Snyder te di, lè li tap refere a Amannman 1 ak lòt egzanpsyon taks yo, "pandan nap pale de sa depatman an te kite ale.” Rezidan New Port Richey yo te soutni ogmantasyon sou frè ak taks yo jiska prezan, li te ajoute, paske yo pa vle wè sèvis ou byen djòb disparèt.
Egzanpsyon taks pwofesyonèl konplike
Florida Chamber of Commerce (Chanm Komès Florida) a, ki keksyone enpak pwopozisyon an sou gouvènman lokal la, di limit evalyasyon sou pwopriyete ki pa kay fanmi rete yo se kle pou fè chay taks la pi jis pou biznis yo.

Dapre Save Our Homes, "sistèm nan te mete anpil pwa kont pwopriyete ki pa kay fanmi rete yo,” dapre David Daniel, vis prezidan zafè non gouvènmantal Chanm Florida a te di. Pandan pwopriyete ki kay fanmi rete yo te nan limit chak ane a 3 pousan, dezyèm kay, pwopriyete ki lwe ak biznis yo te gen limit a 10 pousan. San yon limit evalyasyon jis, li di, biznis yo ap peye pi gwo taks pase lòt pwopriyete yo epi yo p p geyen okenn chwa ke opoze to taks gouvènman lokal yo.

Hart di pousantaj limit Lejislati a te sijere a fè sans paske "pwopriyete ki pa kay fanmi rete yo jeneralman revalorize a 5 pousan pa ane.”

Genyen ki enkyete, sepandan, ke pwopozisyon an kapab kreye menm inegalite pami biznis yo ak pwopriyete pou lwe yo ke Sove Kay Yo (Save Our Homes) te fè pou moun ki genyen pwopriyete ki kay fanmi rete yo, ak nouvo moun ki gen pwopriyete ki pa kay fanmi rete kap peye plis pase sa ki egziste yo.

"Lè yo fè li konsa, jeneralman ou pral fè limit la kreye menm pwoblèm inegalite yo nan taks la,” Wenner nan Florida TaxWatch te di. "Tap genyen mwens enjistis, men enjistis sa yo tap pi gwo.” Anplis, Wenner ajoute, bagay yo pa lejè pou pwopriyete ki pa kay fanmi rete yo.

Pandan li toujou soutni mezi a, Trey Price, yon reprezantan politik piblik pou FAR, di gwoup li an pa genyen menm enkyetid pou kreyasyon yon "dezanvantaj konpetitif” pou nouvo mèt biznis ak mèt pwopriyete ki pa kay fanmi rete yo.

Price di yo ap fè efò pou konvenk lejislatè yo pou anpeche yon evalyasyon retounen nan yon valè makèt konplè a mwens ke pwopriyete a te chanje anpil - si pa egzanp, yon ponp gaz vin tounen yon Walgreens, li di.

Antouka, Daniel di, pwopozisyon an tap "yon stimilis enkwayab pou biznis.” Biznis yo pa mobil tankou pwopriyetè kay yo, epi pas ke yo konnen sa pri ak taks yo tap ye davans, sa tap atire enterè moun ki nan lòt eta yo, li di.

See this Amendment
page
in English

 

 

Collins Center for Public Policy 2011© | Legal/Privacy