Flash mantre ke Collins Center
[Amannman 2 pase] Amannman 2: Egzanpsyon nan taks pou pèsonèl militè yo voye nan yon misyon
An Detay
AMANNMAN 2 Sponsò/Inisyatè: Lejislati Florida Sa li tap fè: Bay Lejislati a enstriksyon pou li mete egzanpsyon anplis pou pwopriyetè nan Florida ki nan sèvis aktif militè an deyò peyi a. Gwosè egzanpsyon taks la ta pral baze sou kantite tan moun nan te pase lòtbò dlo ane anvan an.
|
Èske Lejistali a dwe bay manm sèvis militè yo te voye nan yon misyon ane presedan an plis egzanpsyon sou taks pwopriyete kay?
Amannman 2 tap egzije Lejislati a pou li bay yon egzanpsyon sou taks pwopriyete kay (homestead) selon la lwa pou manm militè Etazini ak militè yo ki nan rezèv, Gad Kòt Etazini ak rezèv li yo, ou byen Gad Nasyonal Florida ki resevwa yon egzanpsyon sou pwopriyete yo e ke yo te voye nan yon misyon nan ane presedan an nan sèvis aktif deyò Etazini Kontinantal, Alaska, ou byen Hawaii pou soutni operasyon militè Lejistali a te chwazi. Kalkil Taks la
Kantite ki egzanpte a tap base sou kantite jou nan ane presedan an moun yo te voye nan misyon nan sèvis aktif deyò Etazini Kontinantal, Alaska, ou byen Hawaii pou soutni operasyon militè Lejistali a te chwazi. Reprezantan Eta Mike Horner, yon Repibliken ki soti Kissimmee, ansanm ak Konsèy Finans & Taks la, te depoze pwopozisyon amannman le 11 fevriye 2009. Repibliken Majorite Whip, Senatè Andy Gardiner te depoze yon pwopozisyon lwa similè devan sena a tou (SJR 1302). Apre sa, amannman ki pwopoze a te pase san opozisyon ni nan Chanm nan ak Sena a, kote li te pase a linanimite.
Konferans Pou Estime Revni (Revenue Estimating Conference, REC) te gade estatistik yo epi te adopte yon enpak fiskal negatif endetèmine kòmanse Ane Fiskal 2011-12 paske amannman yo pwopoze a tap bezwen apwobasyon elektè yo. Sepandan, si amannman an te an vigè pou Ane Fiskal 2009-10, REC an estime ke enpak fiskal negativ potansyèl atravè eta a tap anviwon $13 milyon, an sipozan pri mileyaj kouran an.
Plis pase 25,000 moun kapab afekte
Selon REC, gen anviwon 25,525 pèsonèl militè ki deklare Florida kòm kote yo abite ke yo te voye lòtbò dlo nan sèvis aktif pou soutni Operation Iraqi Freedom ak Operation Enduring Freedom nan ane 2008 la. Yo genyen ladan yo: Lame (Army) (12,587); Marin (Navy) (5,957); Fòs Avyasyon (Air Force) (3,333); Kò Marin (Marine Corp) (2,235); Lame Rezèv (Army Reserve) (765); Gad Nasyonal Florida (Florida National Guard) (301); Kò Marin Rezèv (Marine Corps Reserve) (135); Marin Rezèv (Navy Reserve) (124) ak Fòs Avyasyon Rezèv (Air Force Reserve) (85). Yo pa te repòte okenn pèsonèl Gad Kòt ou byen Gad Kòt Rezèv. Misyon yo dire yon ane. Nou pat genyen enfòmasyon pou detèmine konbyen pèsonèl militè antou yo voye nan misyon deyò Etazini Kontinantal, Alaska, ou byen Hawaii. Katreven pousan nan pèsonèl militè yo anwole. Kounye a, pa genyen okenn opozisyon ke nou konnen kont amannman ki pwopoze a; omwen yon konsèy administrasyon te avanse pou soutni li nèt. Jou ki te 17 mas 2009 la, Komite Komisè Konte Miami Dade la te pase yon rezolisyon kote yo te mande lejislatè yo pou yo pase lwa sa a.
Rezolisyon an di konsa "Kredi pou taks pwopriyete SJR 1302 ak HJR 833 ki te pwopoze yo tap la pou ede fanmi militè yo lè yo voye youn oubyen de manm nan yon fanmi nan yon misyon lòt bo dlo, sitou pandan peryòd difikilte ekononik sa yo.”
|