>Kay nan paj (an Angle)

>
2010 Amannman

>Amannman kay nan paj(an Angle)

>A Collins Center(an Angle

>En Español / In English

» » » »

Limen 2010 Bilten Vòt

Amannman 1:
Anilasyon egzijans pou finansman piblik kanpay

Amannman 2:
Kredi taks ad valorem sou kay, pou moun ki nan militè yo voye nan misyonax

Amannman 4:
Referanndòm obligatwa pou adopsyon ak amannman plan gouvènman lokal sou itilizasyon tè

Amannmans 5 ak 6:
Standa pou Lejislati suiv nan redekoupay lejislatif; ak standa pou Lejislati a swiv nan redekoupay kongrè

Amannman 8:
Etant de klas-gwosè demand

Rezolisyon ki pa angaje:
Mande Eske Votè Yo Sipòte Ekzijans Kontitisyonèl ke Gouvènman Federal Balanse Bidjè li

Retire Sou Bilten
Apre Defi Tribinal la


Amannman 3:
Limite taks sou pwopriyete pou pwopriyete ki pa kay kote yo rete a; egzanpsyon anplis sou nouvo pwopriyetè ki rete nan kay yo

Amannman 7:
Chanjman nan Redekoupaj sa a èske Restrictive mwens pase modifikasyon 5 & 6

Amannman 9:
Annulation de lwa federal sou swen sante


 


Lu Blog A (an Angle)!

 

 





Plis Enfòmasyon

 

 

 

 

 

 

Limen Bilten Vôt - A Gade

Amannmans FAQs (an Angle)

Laprès (an Angle)

 
2010 AMANNMANS
Paj Dakèy Amannman Collins Center Florida

(Nov. 2) Rezilta Elèksyon pou Modifikasyon:

1 — Echwe pou pase | 2 — Pase


4 — Echwe pou pase | 5 — Pase
6 — Pase | 8 — Echwe pou pase

Rezolisyon ki pa angaje — Pase
Pou ede elektè Florida yo konprann amannman yo pwopoze nan Konstitisyon Florida a pi byen, yon anviwonman ki pa
gen baz politik e ki enpasyal se premye misyon inisyativ amannman Sant Collins (Collins Center's Florida Amendments initiative).

Ak finansman li resevwa nan men Fondasyon Bawo Florida, Fondasyon P.L. Dodge ak Fondasyon Gulf Coast Community nan Venice, pwojè Amannman Florida a bay yon sit wèb an pwofondè, entèaktif pou ede moun Florida konprann amannman konstitisyonèl yo ki pral sou bilten an 2010 yo.

Sit sa a pral sèvis tankou sèl kote ou bezwen ale pou dènye nouvèl, enfòmasyon ak analiz sou amannman yo pwopoze yo. Nou envite ou patisipe nan gwoup enpòtan sa a epi bay opinyon ak ide ou sou dokiman piblik Florida ki trè enpòtan sa a.

Elektè yo pral deside desten omwen kat (4) nan amannman oubyen revizyon nan Konstitisyon an ki pwopoze yo. Pou ede yo pran pi bon desizyon posib, nouvo inisyativ Collins lan, ki nan dezyèm ane li kounye a, prezante:

Analiz san patipri sou tout amannman aktyèl yo. Nan detay yo genyen istwa mezi yo, gwo aktè yo, agiman pou ak kont, lyen a sit ki enpòtan, ap plis toujou.

Lyen a sit wèb enpòtan kote elektè yo kapab eksplore sijè ak aktè yo an plis detay.

Yon achiv ajou sou rapò resan medya pou anrichi konpreyansyon sou mezi yo.
Yon kokennchenn enfòmasyon sou Konstitisyon Florida ak fason pwosesis amannman an mache.

Fowòm sipèvize kote vizitè kapab pataje ak aprann atravè diskisyon ak lòt.

Sit la genyen yon fowòm sipèvize pou angaje vizitè ak manm gwoup yo pou pwomovwa diskisyon kontini sou sijè a. Li genyen tou prezantasyon videyo bon kalite pou fè aprantisaj sou amannman yo enteresan e amizan. Elektè yo kapab pibliye pwòp mesaj yo ki gen rapò a amannman an, pibliye kòmantè nan fowòn ak blòg yo ak patisipe nan sondaj anliy.

Objektif Collins se pou bay moun Florida yo enfòmasyon san patipri yo kapab fè konfyans nan fòma ki pi aksesib ki posib. Pou fè sa byen, nou bay enfòmasyon yon fason pou vizitè a kapab jwenn aksè a li vit grasa plizyè medya entèraktif. Epitou genyen yon seksyon sou fason yo kapab modifye Konsitisyon Florida a.

Objektif la se pou ofri enfòmasyon ki konplè, san patipri, sou pwopozisyon pou amannman ou pral wè an 2010 yo, epi pou ofri yon fowòm anliy ki genyen sekirite pou diskite zafè enpòtan sa yo. Se Sant Collins pou Politik Piblik (Collins Center for Public Policy, Inc.), yon oganizasyon endepandan, enpasyal e ki nan tout eta a, ki angaje li pou ede Florida atake pi gwo pwoblèm li yo, ki te kolekte ak verifye verite enfòmasyon yo ki sou sit la.
Konsènan Sponsò yo
Travay sou pwojè sa a te resevwa soutyen twa òganizasyon charitab: Florida Bar Foundation, Fondasyon P.L. Dodge Foundation ak Gulf Coast Community Foundation nan Venice.

Fondasyon Bawo Florida"se yon òganizasyon charitab ki te etabli an 1956 avèk avoka Florida ak Kou Siperyè Florida. Se sèl òganizasyon atravè eta a ki bay soutyen finansyè pou asistans legal ak pwomovwa amelyorasyon nan fason yo okipe bezwen legal sivil pou malere.”

• Fondasyon P.L. Dodge se yon konpayi charitab prive. Etabli an 2001, òganizasyon an baze nan Tallahassee, FL.

Fondasyon Gulf Coast Community Foundation nan Venice se pi gwo òganizasyon tankou li ki genyen nan eta a. Depi li te fonde an 1995, li te kontribe $90 milyon pou amelyore lavi nan kominote li sèvi yo.

See this page
in English


 

 

 


Collins Center for Public Policy 2011© | Legal/Privacy